Tuesday, March 8, 2011

BON FET MEDAM!

Nou pa vle kite jou sa file sou nou san nou pata swete a tout fanm Ayisyèn yon gwo bonfèt. Nou bese byen ba pou nou rele yon gwo kout ayibobo pou yo, ki pa janm fatige nan goumen ak lavi, pote ekonomi peyi’n sou do.

Fanm ki konn touse jipon, travèse dlo, janbe dife pou bay lavi. Se fanm kikon fè mirak ak yon laye ou chodyè, nan fòme yon jenerasyon moun sou do yo. Se moun yo kipa dòmi, pou voye je sou timoun ak mouche, pwoteje yo tankou se manman poul kap bay pitit li pwoteksyon.

Se vre gen nan nou ki toujou fè yon ti jès pou montre yo, ke nou konprann, e nou avek yo. Men gen lot ki pran plezi nan detripe yo, di yo de mo ki paka trete. Se tava nan kategori sa “ Sweet Micky” , kandida pou pwezidans lan ta twouve’l.

Epi, konman yon mari, yon papa, yon frè, taka ap joure fanm nan kò kretyen yo: “ santi kon… ” nou di se yon mank de charite. Se yon mank de respè pou bondye nan syèl ki kreye moun. Sèlman kesyon fè lajan, nan nenpot kondisyon, nan pran plas fanm, denigre fanm tankou se ta matlòt.

Se pou sa nan non tout mesye yo nou vin mande padon medam. Si tou nan non ti Simon, sweet Micky.

Men sa pa vle di pou li pa paye ou reponn a betiz li yo. Konsa yon nan sanksyon ki pi enpotan nan moman, Se pa vote’l ! Pase ke menm Ayiti li joure deja an piblik, li chwazi Itali kòm fanm kèl. Ki donk, si nou lage fanm sa nan men’l li pral vyole’l, detripe’l nan je lemond.

Nap vote yon fanm diy d’Ayiti: MIRLANDE H. MANIGAT, POU PREZIDAN LE 20 MAS!

BON FET MEDAM !!!

Patrick Joseph
Cap-Haitien, Haïti
Le 08 Mars 2011