Tuesday, January 24, 2012

LA TÈ AP SOUKE KÒ'L OKAP, DIRIJAN AP JWE POKIPA, KALE BOUDA!

YÈ APRÈ MIDI, LA TÈ TE FÈ YON TI SOUKE KÒL. SA KI TE SIMEN ANPIL PANIK NAN DEZYÈM VIL PEYI-A KAP AYISYEN.


DONK, POU LAVERITE NOU PAT GEN CHANS SANTI SA, PASKE NOU TAP KONDWI NAN MOMAN SA.

MEN FOK NOU DI SENSÈMAN, ENKYETID NOU PATA SIPOZE TÈ-A KAP SOU KE KÒL, PASKE SA NOU KONNEN’L DEJA, FAY KI TRAVÈSE ST. DOMING AK DEPATMAN NÒ PEYI DAYITI-A GEN POU BOUJE. E YON NÈG KI AVÈTI, TA DWE VO 10 ZÒM.

ALÒ VRÈ PWOBLÈM NAN, SE KI JESYON OTORITE YO FÈ DE SA, MALGRE TOUT ENFOMASYON SYANTIS YO BAY ? SE KI MEZI KAP PRAN, ANTÈM JE FON KRIYE DAVANS, NAN RANJE CHITA NOU, POU PITA PA PITRIS, TANKOU JAN NOU RENMEN DI’L LA, SE PALÈ DÒMI NAN JE’N, POU’N RANJE KABAN NOU.

YONN NAN KONSTA NOU FÈ, SI NOU TE GEN ANSYEN MAJISTRA-A KI TAP MET MOUN SOU PIKÈT AK YON KONPA SINAMI, MELI ANLÈ-A LAP VINI, ANPWAZONNEN EKZISTANS POPILASYON-AN AK MOVE ENFÒMASYON. EBYEN NOUVO DIRIJAN YO, AP JWE POKIPA, KALE BOUDA, NAN DANJE SA, KAP MENASE VIL OKAP.

MWEN SEZI, RWÈ JAN YÈ SWA, LAMERI OKAP BLOKE NI RI 20, NI RI 18, 2 RI KI BAY AKSÈ FASIL AK LOPITAL, LAPOLIS, PONPYE, DELEGASYON, LEGLIZ, SOU PRETEKS YAP PREPARE FÈT KANAVAL, KONSÈ, AK LÒT BAGAY. SAN KE YO PA RANN KONT, SE PRINSIPAL VENN YO KI BOUCHE. PA REFLEKS, LÈ GEN PLIZÈ PITI, GWO SOUKOUS LA PAGEN KLAKSÒN. DONK, MAP MANDE SKE NOU PA PÈDI BON SANS NOU, SKE DIRIJAN PA VLE DI RESPONSAB ANKÒ ?

JISKA PREZAN POKO GEN ANYEN KI DEFINI, NI PA MANDE SE KI STRATEJI KAP ITILIZE NAN KA YON MALÈ. KIFÈ KESYON-AN RETE ANTYE, SI TAGEN YON KATASTRÒF JODIA SE KIJAN POU POPILASYON-AN REAJI ? E SE KISIT DEBÈJEMAN KITAVA PIPRE SI TAGEN YON BAGAY, POU CHAK KATYE, CHAK ZÒN, POU MOUN TA ABRITE YO?

KONSA, NOU PANSE KE LI TABON POU YO TAFÈ YON EVALYASYON, DE TOUT RESOUS MEDICAL KI NAN ZÒN YO, KATYE, BITASYON ( DOKTÈ, MISS, MANB KWAWOUJ, SKOUT…) SANT SANTE, DISPANSÈ… ETROUVE YON KOTE YAP IDANTIFYE AK POPILASYON AN, KIKA GEN YON TI ANBRIYON MEDIKAMAN POU PREMYE SWEN, SITOU SI SETA ASWE. YO KA CHÈCHE JÈN GASON VOLONTÈ TOU, POU KONMANSE BAY FÒMASYON SOU TEKNIK DE SEKOU.

FOK LAMERI AK LA POLIS TAVA DEFINI YON SIKWI DIJANS, KOTE MACHIN AP KAPASE PIFASIL POU GEN AKSÈ A YON SERI DESÈVIS, TANKOU LOPITAL, PONPYE, LAPOLIS, LAPRÈS, AK MACHIN KI GEN MOUN YAP POTE SEKOU. E YONN NAN KRITÈ YO, FÒK RI-A LAJ, LI PAGEN ANPIL BALKON KAP BAY LANMEN YONN AK LÒT KI KOUVRI TOUT RI-A, DONK, NAN YON SOUKE TOUT LARI BLOKE. SITOU ENFÒMASYON SA YO DWE DISPONIB TOU PATOU, FÈ APÈL A KOMEDYEN PÈP LA RENMEN TANDE, KI PALE, YO KOUTE, TANKOU SA TE FÈT NAN KOLERA. SITOUT FÒK GEN YONBRIGAD KIRÈSPONSAB SIKWI SA, POU MENM SI TA GEN YON PWOBLÈM POU ENTÈVENI TOU SWIT POU REZOUD PWOBLÈM KITA POZE-A.

NOU KWÈ KE TOUT MOUN KONSÈNE. NOU TOUT ABÒ TITANIK, PA DI’N NAN KI KLAS OU YE PASKE , LÈL PLONJE, PAP GEN NI PREMYE, NI DÈNYE KLAS. ALÒ, OU VLE DI’M KIBÒ YAP YE LÈ TRANBLEMAN TÈ-A AP PASE. E FANMIY-OU YO, ZANMI, KONDISIP ? PETÈT LEGLIZ, NAN YON BIWO LETA, AH, MESYE ENPÒTAN, PETÈT NAN PALÈ (SAN SOUCI) ? ANTOUKA AN'N PA STIPID, LAGÈ AVÈTI, PATIYE KOKOBE, AN'N MONTRE NOU KONN TIRE LESON NAN PASE NOU, E NOU APRANN BYEN. WI, MALGRE NOU KONNEN, TOUT SAK PA BON POU YONN LI BON POU YON LÒT, PASKE JODI-A 12 JANVYE 2010 KITE ANPIL MIZÈ, ANPIL PÒV, ANPIL DOMAJ… MEN LIBAY ANPIL MILYONÈ TOU, YO TOUT KOULÈ, KI SOTI TOUPATOU KAP CHANTE KANT A MWA, SOU DO SOUFRANS PÈP SA !



Patrick JOSEPH
Cap-Haïtien, Haïti, W.I
Email: jpatrick0007@hotmail.com
Le 24 Janvier 2012